{"id":31268,"date":"2026-06-28T17:16:39","date_gmt":"2026-06-28T21:16:39","guid":{"rendered":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/kisa-moun-ki-gen-tps-ayisyen-yo-dwe-fe-kounye-a-apre-desizyon-lakou-siprem-lan\/"},"modified":"2026-06-28T17:16:39","modified_gmt":"2026-06-28T21:16:39","slug":"kisa-moun-ki-gen-tps-ayisyen-yo-dwe-fe-kounye-a-apre-desizyon-lakou-siprem-lan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/kisa-moun-ki-gen-tps-ayisyen-yo-dwe-fe-kounye-a-apre-desizyon-lakou-siprem-lan\/","title":{"rendered":"Kisa moun ki gen TPS ayisyen yo dwe f\u00e8 kounye a apre desizyon Lakou Sipr\u00e8m lan"},"content":{"rendered":"<p>\n<\/p>\n<h2 class=\"article-summary-title\">Overview:<\/h2>\n<p>Yon gid pratik ki baze sou rek\u00f2mandasyon lid\u00e8 ayisyen yo apre desizyon Lakou Sipr\u00e8m lan sou TPS la. Gid la eksplike sa moun ki gen TPS, Ayisyen Ameriken, alye yo ak \u00f2ganizasyon kominot\u00e8 yo kapab f\u00e8 kounye a.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Lakou Sipr\u00e8m lan pran desizyon li. Menas yo rey\u00e8l. Men lid\u00e8 ayisyen yo ak defans\u00e8 dwa imigran yo di se pa moman pou panike. Se moman pou \u00f2ganize, prepare epi pran aksyon.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\" id=\"h-kisa-pou-w-fe-kounye-a-men-yon-gid-aksyon-pou-kominote-ayisyen-apre-desizyon-sou-tps-la\">Kisa pou w f\u00e8 kounye a: Men yon gid aksyon pou kominote ayisy\u00e8n apre desizyon sou TPS la<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Sign up for our free newsletters.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\" id=\"h-lide-ayisyen-yo-bay-etap-ijan-pou-moun-ki-gen-tps-sitwayen-ameriken-alye-ak-oganizasyon-sevis-yo-pandan-batay-la-ap-deplase-soti-nan-tribinal-pou-rive-nan-kongre-a\">Lid\u00e8 ayisyen yo bay etap ijan pou moun ki gen TPS, sitwayen ameriken, alye ak \u00f2ganizasyon s\u00e8vis yo pandan batay la ap deplase soti nan tribinal pou rive nan Kongr\u00e8 a.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Gid sa a baze sou rek\u00f2mandasyon dir\u00e8k lid\u00e8 kominot\u00e8 yo, defans\u00e8 dwa imigran yo ak \u00f2ganizat\u00e8 yo. N ap mete l ajou amezi nouvo enf\u00f2masyon ap vin disponib.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Click here for the english version<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Pou jwenn d\u00e8nye enf\u00f2masyon ofisy\u00e8l gouv\u00e8nman federal la, ale sou paj <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/www.uscis.gov\/humanitarian\/temporary-protected-status\"><strong>USCIS Temporary Protected Status (TPS)<\/strong><\/a> epi desann sou b\u00f2 g\u00f2ch la jouk nan seksyon <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/www.uscis.gov\/humanitarian\/temporary-protected-status\/temporary-protected-status-designated-country-haiti\"><strong>Ayiti<\/strong><\/a>.<\/p>\n<h2 id=\"h-pati-i-resous-ki-disponib-pou-ou\" class=\"wp-block-heading\"><strong>PATI I: RESOUS KI DISPONIB POU OU<\/strong><\/h2>\n<h3 id=\"h-a-ki-kote-pou-jwenn-ed-nan-zon-ou-oswa-nenpot-kote-ozetazini\" class=\"wp-block-heading\"><strong>A. Ki kote pou jwenn \u00e8d nan z\u00f2n ou oswa nenp\u00f2t kote Ozetazini<\/strong><\/h3>\n<h3 id=\"h-kalifoni\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Kalif\u00f2ni<\/strong><\/h3>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Kolorado<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Florida<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Indianapolis<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Massachusetts \/ New England<\/strong><\/p>\n<p>Boston Mayor Michelle Wu and Councilor Ruthzee Louijeune join city officials and community members for the Haitian Flag Raising ceremony at City Hall Plaza on May 15, 2026. Photo courtesy of the Mayor\u2019s Office\/John Wilcox.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>New Jersey \/ New York\u00a0<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Ohio\u00a0<\/strong><\/p>\n<h4 id=\"h-zon-springfield\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Z\u00f2n Springfield<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Z\u00f2n <\/strong><strong><em>Columbus\u00a0\u00a0<\/em><\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Nationwide<\/strong><\/p>\n<h3 id=\"h-b-kesyon-yo-poze-souvan-zouti-ak-lot-resous-pou-ede-w-pran-aksyon\" class=\"wp-block-heading\"><strong>B. Kesyon yo poze souvan, zouti ak l\u00f2t resous pou ede w pran aksyon<\/strong><\/h3>\n<h3 id=\"h-c-nbsp-reyinyon-enfomasyon-fowom-kominote-ak-reyinyon-sou-zoom-nbsp-nbsp\" class=\"wp-block-heading\"><strong>C.\u00a0 Reyinyon enf\u00f2masyon, fow\u00f2m kominot\u00e8 ak reyinyon sou Zoom\u00a0\u00a0<\/strong><\/h3>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>NHAEON national p<\/strong><strong>ress conference <\/strong><strong>\u00a0<\/strong>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>June 29 @ 11:00 am \u2013 5:00 pm<\/li>\n<li>To be livestreamed from Miami on the NHAEON site\u00a0\u00a0<\/li>\n<\/ul>\n<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Ale sou <em>The Haitian Times <\/em>community events section pou nouvo enf\u00f2masyon.<\/p>\n<h2 id=\"h-pati-2-konsey-jeneral-pou-tout-manm-kominote-a-ak-sipote-yo-nbsp\" class=\"wp-block-heading\"><strong>PATI 2: KONS\u00c8Y JENERAL POU TOUT MANM KOMINOTE A AK SIPOTE YO<\/strong><strong>\u00a0<\/strong><\/h2>\n<p>Mayor Eric Adams deliver sremarks at a flag-raising ceremony for Haiti at Bowling Green Park in Manhattan on Wednesday, May 17, 2023.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 dwa imigran yo di toujou gen yon ti bout tan \u2014 <strong>32 jou apati desizyon 25 jen an<\/strong> \u2014 pou tout moun konprann:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>R\u00e8g sou p\u00e8mi travay<\/li>\n<li>Responsablite patwon yo<\/li>\n<li>Opsyon legal ki disponib<\/li>\n<li>Aksyon Kongr\u00e8 a ka pran<\/li>\n<li>Nouvo direktiv Depatman Sekirite Entery\u00e8 ak ICE<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Yo ankouraje tout moun s\u00e8vi ak tan sa a av\u00e8k entelijans.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Pa dispar\u00e8t<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Pa panike<\/strong><\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>\u00d2ganize. Prepare. Defann dwa w<\/strong><\/p>\n<h3 id=\"h-a-pou-moun-ki-gen-tps-nbsp\" class=\"wp-block-heading\"><strong>A. Pou moun ki gen TPS\u00a0<\/strong><\/h3>\n<h4 id=\"h-kenbe-tet-ou-fret-pa-pran-desizyon-anba-panik\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Kenbe t\u00e8t ou fr\u00e8t. Pa pran desizyon anba panik.<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Lid\u00e8 kominot\u00e8 yo av\u00e8ti kont desizyon prese ki baze sou laper\u00e8z, rim\u00e8 oswa presyon moun k ap pwofite sitiyasyon an.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Pa f\u00e8 sa yo:<\/strong><\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Pa sispann al travay san ou pa konnen tout opsyon ou genyen.<\/li>\n<li>Pa retire tout k\u00f2b ou nan bank.<\/li>\n<li>Pa mete kay ou, machin ou, lajan ou oswa l\u00f2t byen sou non yon l\u00f2t moun san kons\u00e8y yon avoka ki ap travay nan enter\u00e8 ou.<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">\u201cDesizyon yo dwe pran ak t\u00e8t fr\u00e8t,\u201d se kons\u00e8y <strong>Guerline Jozef<\/strong>, direkt\u00e8 egzekitif <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/haitianbridgealliance.org\/\">Haitian Bridge Alliance<\/a>. Vizite sit ent\u00e8n\u00e8t \u00f2ganizasyon an pou jwenn zouti, tankou mod\u00e8l l\u00e8t pou patwon.<\/p>\n<h4 id=\"h-cheche-bon-enfomasyon\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Ch\u00e8che bon enf\u00f2masyon<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Evite move enf\u00f2masyon.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>F\u00e8 sa yo:<\/strong><\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Kontakte \u00f2ganizasyon ou f\u00e8 konfyans tankou Haitian Bridge Alliance.<\/li>\n<li>Patisipe nan klinik legal ak reyinyon kominot\u00e8 sou Zoom.<\/li>\n<li>Pale dir\u00e8kteman ak yon avoka imigrasyon ki gen lisans.<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Pa konte sou:<\/strong><\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Moun sou TikTok k ap f\u00e8 t\u00e8t yo pase pou avoka.<\/li>\n<li>Rim\u00e8 k ap sikile sou WhatsApp.<\/li>\n<li>Mesaj ki f\u00e8t pou simaye laper\u00e8z.<\/li>\n<\/ul>\n<h4 id=\"h-prepare-oswa-revize-plan-ijans-fanmi-w-depi-kounye-a\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Prepare oswa revize plan ijans fanmi w depi kounye a<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 yo di preparasyon enp\u00f2tan anpil.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Poze t\u00e8t ou kestyon sa yo:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ki moun ki pral pran swen pitit ou si yo arete w?<\/li>\n<li>Ki moun ki pral jere lwaye, b\u00f2dwo oswa biznis ou?<\/li>\n<li>Ki moun ki kapab ede w si ou gen bezwen medikal?<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>F\u00e8 sa yo:<\/strong><\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Rasanble tout dokiman enp\u00f2tan yo.<\/li>\n<li>Mete py\u00e8s idantite, pasp\u00f2 ak dokiman imigrasyon ansanm.<\/li>\n<li>Chwazi yon moun ou f\u00e8 konfyans pou reprezante w si sa neses\u00e8.<\/li>\n<li>Reflechi sou posiblite pou ba li yon pwokirasyon (<em>power of attorney<\/em>).<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Enp\u00f2tan:<\/strong> Se dwe yon moun ki vr\u00e8man gen enter\u00e8 ou nan k\u00e8.<\/p>\n<h4 id=\"h-pataje-istwa-pa-w\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Pataje istwa pa w<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 yo di vwa ou enp\u00f2tan.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Ou kapab:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Rakonte istwa ou piblikman.<\/li>\n<li>Rakonte li san non ou.<\/li>\n<li>F\u00e8 yon mesaj odyo.<\/li>\n<li>Pataje eksperyans ou ak \u00f2ganizasyon kominot\u00e8 yo.<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">\u201cSi ou pa pale, p ap gen p\u00e8sonn k ap vin sove w,\u201d Jozef di.<\/p>\n<h3 id=\"h-b-pou-fanmi-ki-sitwayen-ameriken-oswa-rezidan-pemanan\" class=\"wp-block-heading\"><strong>B. Pou fanmi ki sitwayen ameriken oswa rezidan p\u00e8manan<\/strong><\/h3>\n<h4 id=\"h-rele-senate-w-yo-ansanm-ak-lot-eli-yo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Rele senat\u00e8 w yo \u2014 ansanm ak l\u00f2t eli yo<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 yo di objektif ijan an se f\u00e8 Sena a adopte pwoj\u00e8 lwa <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/www.congress.gov\/bill\/119th-congress\/senate-bill\/4814\">\u00a0<strong>S.4814<\/strong>,<\/a> la ki ta bay moun ki gen TPS yon chemen pou jwenn rezidans p\u00e8manan oswa sitway\u00e8nte.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Mande yo pou yo:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Sip\u00f2te pwolongasyon TPS pandan twa ane.<\/li>\n<li>Sip\u00f2te pwoteksyon imigrasyon alont\u00e8m.<\/li>\n<li>Sip\u00f2te yon chemen pou rezidans p\u00e8manan.<\/li>\n<\/ul>\n<h4 id=\"h-rele-eli-lokal-yo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Rele eli lokal yo<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Mande yo pou:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Kontakte senat\u00e8 yo dir\u00e8kteman.<\/li>\n<li>Sip\u00f2te piblikman moun ki gen TPS.<\/li>\n<li>Defann pwoteksyon pou kominote ayisy\u00e8n nan.<\/li>\n<\/ul>\n<h4 id=\"h-montre-sipo-ou-plis-pase-leve-drapo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Montre sip\u00f2 ou plis pase leve drapo<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 yo di sip\u00f2te Ayiti pa limite ak selebrasyon oswa parad.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Sa vle di:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Pran aksyon politik.<\/li>\n<li>Patisipe nan lavi sivik.<\/li>\n<li>Pwoteje fanmi ayisyen yo.<\/li>\n<li>Bay \u00f2ganizasyon serye yo sip\u00f2 finansye.<\/li>\n<\/ul>\n<h3 id=\"h-c-pou-zanmi-vwazen-koleg-travay-ak-patwon\" class=\"wp-block-heading\"><strong>C. Pou zanmi, vwazen, k\u00f2l\u00e8g travay ak patwon<\/strong><\/h3>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Si yon moun ou konnen gen TPS, batay sa a kons\u00e8ne ou tou.<\/p>\n<h4 id=\"h-rele-senate-w-yo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Rele senat\u00e8 w yo<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Mande yo sip\u00f2te pwoj\u00e8 lwa <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/www.congress.gov\/bill\/119th-congress\/senate-bill\/4814\"><strong>S.4814<\/strong><\/a> la. Ou ka s\u00e8vi ak mod\u00e8l l\u00e8t ak <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/docs.google.com\/document\/d\/1nfuL5HRK1DDy4ASK9zcYCmMb_Fc-qD7naHePbfwAFa8\/edit?usp=drivesdk\">gid Faith in Action International ansanm<\/a> ak <a rel=\"nofollow\" target=\"_blank\" href=\"https:\/\/docs.google.com\/forms\/u\/1\/d\/e\/1FAIpQLSc3wJb4gdJOMHBOebICLmp3bqaLvThasgJSkPhfnLbx8Y15XA\/viewform\">f\u00f2m Haitian Bridge Alliance<\/a> prepare a.<\/p>\n<h4 id=\"h-fe-tande-vwa-ou\" class=\"wp-block-heading\"><strong>F\u00e8 tande vwa ou<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Pale piblikman.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Lid\u00e8 kominot\u00e8 yo di silans patwon ak lid\u00e8 biznis yo f\u00e8 kominote a plis vilnerab.<\/p>\n<h4 id=\"h-sipote-fanmi-yo-ak-sa-yo-bezwen-chak-jou\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Sip\u00f2te fanmi yo ak sa yo bezwen chak jou<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Si ou kapab, ede ak:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Gadri pou timoun.<\/li>\n<li>Transp\u00f2.<\/li>\n<li>Referans legal.<\/li>\n<li>Sip\u00f2 emosyon\u00e8l.<\/li>\n<li>Planifikasyon ijans.<\/li>\n<\/ul>\n<h4 id=\"h-bay-tan-ou-oswa-fe-don\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Bay tan ou oswa f\u00e8 don<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Si ou kapab, kontribye lajan oswa s\u00e8vi k\u00f2m volont\u00e8 nan \u00f2ganizasyon ki serye.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Anpil \u00f2ganizasyon legal ak kominot\u00e8 bay asistans dir\u00e8k pou moun ki gen TPS. Rele oswa voye mesaj ba yo pou jwenn kons\u00e8y ak sip\u00f2.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Don yo ede finanse s\u00e8vis tankou:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Kons\u00e8y legal.<\/li>\n<li>Bank manje.<\/li>\n<li>Livrezon pwovizyon.<\/li>\n<li>Gaz.<\/li>\n<li>L\u00f2t asistans ijans.<\/li>\n<\/ul>\n<h3 id=\"h-d-pou-oganizasyon-kominote-legliz-ak-founise-sevis-yo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>D. Pou \u00f2ganizasyon kominot\u00e8, legliz ak founis\u00e8 s\u00e8vis yo<\/strong><\/h3>\n<h4 id=\"h-oganize-klinik-legal-ijans\" class=\"wp-block-heading\"><strong>\u00d2ganize klinik legal ijans<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Moun bezwen repons kounye a.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Envite avoka imigrasyon ki gen kredibilite pou eksplike kl\u00e8man sa ki posib ak sa ki pa posib.<\/p>\n<h4 id=\"h-prepare-dokiman-senp\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Prepare dokiman senp<\/strong><\/h4>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Defans\u00e8 yo mande pou gen:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Dokiman yon paj.<\/li>\n<li>Resous ki fasil pou pataje.<\/li>\n<li>Enf\u00f2masyon kl\u00e8 an angle ak an krey\u00f2l.<\/li>\n<\/ul>\n<h3 id=\"h-kreye-rezo-sipo\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Kreye rezo sip\u00f2<\/strong><\/h3>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Gen moun ki ka sispann:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ale travay.<\/li>\n<li>Al achte manje.<\/li>\n<li>Ale nan randevou yo.<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Prepare pou ede ak:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Manje.<\/li>\n<li>Transp\u00f2.<\/li>\n<li>Gadri.<\/li>\n<li>Akonpayman legal.<\/li>\n<li>Sip\u00f2 pou kontak ak ICE oswa l\u00f2t ajans imigrasyon.<\/li>\n<\/ul>\n<h3 id=\"h-veye-kont-magouy\" class=\"wp-block-heading\"><strong>Veye kont magouy<\/strong><\/h3>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Lid\u00e8 yo av\u00e8ti gen moun k ap pwofite sou laper\u00e8z moun.<\/p>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Veye pou:<\/p>\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Fo avoka oswa moun k ap f\u00e8 t\u00e8t yo pase pou avoka.<\/li>\n<li>S\u00e8vis legal ki tw\u00f2 ch\u00e8.<\/li>\n<li>Fo kontra.<\/li>\n<li>Magouy sou kay, t\u00e8 oswa kont labank.<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Rap\u00f2te nenp\u00f2t abi bay lapolis oswa yon \u00f2ganizasyon kominot\u00e8 ou f\u00e8 konfyans.<\/p>\n<h2 class=\"wp-block-heading\">Support our work<\/h2>\n<p class=\"wp-block-paragraph\">As an independent publication, we rely on contributions from readers like you to fund our journalism.<\/p>\n<p>\t\t\t<span id=\"wordads-inline-marker\" style=\"display: none;\"\/><\/p>\n<p><h3 class=\"jp-relatedposts-headline\"><em>Related<\/em><\/h3><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Overview: Yon gid pratik ki baze sou rek\u00f2mandasyon lid\u00e8 ayisyen yo apre desizyon Lakou Sipr\u00e8m lan sou TPS la. Gid la eksplike sa moun ki gen TPS, Ayisyen Ameriken, alye yo ak \u00f2ganizasyon kominot\u00e8 yo kapab f\u00e8 kounye a. Lakou Sipr\u00e8m lan pran desizyon li. Menas yo rey\u00e8l. Men lid\u00e8 ayisyen yo ak defans\u00e8 dwa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":31269,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"fifu_image_url":"https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg","fifu_image_alt":"","footnotes":""},"categories":[11991],"tags":[21489,21485,21490,21486,21487,3577,21483,21488,21491,21493,12011,21484,21492,18730],"class_list":["post-31268","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-haiti-news","tag-apre","tag-ayisyen","tag-desizyon","tag-dwe","tag-fe","tag-gen","tag-kisa","tag-kounye","tag-lakou","tag-lan","tag-latest-news","tag-moun","tag-siprem","tag-tps"],"rttpg_featured_image_url":{"full":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",0,0,false],"landscape":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",0,0,false],"portraits":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",0,0,false],"thumbnail":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",150,150,false],"medium":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",300,300,false],"large":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",1024,1024,false],"1536x1536":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",1536,1536,false],"2048x2048":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",2048,2048,false],"post-thumbnail":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",370,265,false],"kava-thumb-s":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",150,85,false],"kava-thumb-s-2":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",230,230,false],"kava-thumb-m":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",400,400,false],"kava-thumb-m-vertical":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",370,500,false],"kava-thumb-m-2":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",570,450,false],"kava-thumb-l":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",1170,650,false],"kava-thumb-xl":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",1920,1080,false],"kava-thumb-masonry":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",600,999,false],"kava-thumb-justify":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",640,640,false],"kava-thumb-justify-2":["https:\/\/haitiantimes.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/AP26035082119443-scaled.jpeg",1280,640,false]},"rttpg_author":{"display_name":"#RiseCelestialStudios","author_link":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/author\/ralph-c\/"},"rttpg_comment":0,"rttpg_category":"<a href=\"https:\/\/design-providers.com\/rise\/category\/haiti-news\/\" rel=\"category tag\">Haiti News<\/a>","rttpg_excerpt":"Overview: Yon gid pratik ki baze sou rek\u00f2mandasyon lid\u00e8 ayisyen yo apre desizyon Lakou Sipr\u00e8m lan sou TPS la. Gid la eksplike sa moun ki gen TPS, Ayisyen Ameriken, alye yo ak \u00f2ganizasyon kominot\u00e8 yo kapab f\u00e8 kounye a. Lakou Sipr\u00e8m lan pran desizyon li. Menas yo rey\u00e8l. Men lid\u00e8 ayisyen yo ak defans\u00e8 dwa&hellip;","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31268","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=31268"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31268\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":31270,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31268\/revisions\/31270"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/media\/31269"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=31268"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=31268"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/design-providers.com\/rise\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=31268"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}